Entegrite
Mesaj pastè a te pote pandan kilt Legliz Batis de la Fwa a. Koute mesaj la an kreyòl, oswa li tèks la anba a.
Lapè Bondye avèk nou. Bonjou tout moun.
Lapè avèk nou, chè zanmi. Se yon gwo plezi pou mwen avèk nou jodi a, yon plezi ki vrèman ekstraòdinè, pou yon rezon byen senp : mwen te mande Senyè a sou ki sijè li ta renmen m pale nou maten an. Repons lan te vini rapid. Li di m pou m pale nou sou entegrite.
Entegrite vle di mache dwat. Sa w ap di a, se li menm w ap fè ; sa w ap pratike a, se li menm w ap viv. Konsa, temwayaj ou ka reflete veritab karaktè ou genyen antanke kretyen, antanke disip.
Nouvo nesans lan chanje lavi nou
Pa bliye yon bagay ki enpòtan : lè nou vin kretyen, lavi nou chanje, lavi nou transfòme. Se poutèt sa Kris vin ban nou nouvo nesans lan. Nouvo nesans lan vle di ou p ap viv menm jan ou te konn viv anvan an ankò. Ou pral pase de yon eta a yon lòt, de yon eta tanporèl a yon eta espirityèl.
Kounye a, lè w ap viv nan relasyon sa a avèk Sentespri a — paske nan eta espirityèl la, se Sentespri a ki pran lavi w an chaj pou l dirije w, pou l kondi w — si vrèman ou kite Lespri Sen an dirije w, ou pral konnen nouvo eksperyans, ou pral grandi, ou pral gen yon konsyans ki pi laj, epi ou pral konnen egzakteman sa yo rele entegrite.
Liv Stephen L. Carter
Sa gen kèk ane, mwen te li yon liv Stephen L. Carter te ekri. Se yon Afro-Ameriken, yon nonm ekstraòdinè, ki te ekri yon liv ki rele justeman Entegrite. Maten an, mwen di : « Mwen ta renmen jwenn liv sa a », paske se bagay mwen te li sa gen lontan. Sentespri a di m : « Gade nan tèl kote. » Mwen al gade, epi vrèman, mwen jwenn liv la menm kote a. Mwen di : « Wow ! Se ekstraòdinè jan Senyè a fè bagay li yo. »
Lè m gade liv la ankò, mwen sonje anpil bon pati ki te enteresan ladan l. Men sa ki te pi enpòtan an, se lè li di ou pa ka di se pitit Bondye ou ye si ou pa yon moun k ap mache dwat, si ou pa gen yon kè ki pi, si ou pa viv lavi Kris la. Viv lavi Kris la vle di : si w ap swiv Kris, fòk ou mache menm jan Kris te konn mache a, e menm ale pi lwen toujou.
Sa montre nou, menm sou plan relijyon, chak relijyon gen pwòp mezi li, pwòp kilti li, ki montre jan moun dwe viv. Men sèl mezi a — mwen pa rele l yon mezi kiltirèl, men yon mezi ki fè nou monte, paske li anbrase tout limanite — se depann dirèkteman de Lespri Bondye a, paske se li menm ki pral dirije nou. Se pou sa Kris te vini. Kris pa t vini pou okenn lòt rezon : li vin sove limanite. Kijan l ap sove limanite ? M ap repete l ankò : li vin refè jan nou panse a, pou nou pa panse jan nou te konn panse a ankò, pou se Sentespri a li menm ki vin fè travay la nan nou. Paske si Sentespri a pa fè travay la nan nou, ou p ap konnen sa yo rele entegrite.
Soumèt nou nèt bay Bondye
Si Sentespri a pa entèvni nan lavi nou, ou pa ka kenbe entegrite w. Ou ka di ou se yon moun k ap mache dwat, men nan reyalite, nan fon kè w, ou konnen se pa vre. Paske w ap fè yon seri bagay ki pa sa, w ap di yon seri bagay ki pa sa, e panse w li menm pa janm estab : se li k ap mennen w adwat agoch. Menm lè w pa di yon bagay, Jezi montre w klè ke depi w panse l, ou deja komèt zak la nan panse w.
Sa vle di nou bezwen soumèt nou. Soumèt nou vle di bay tèt nou totalman, nèt ale, bay Bondye, pou Bondye fè travay li nan nou pa pouvwa Sentespri a ki la nan nou. Li la pou ede nou, non sèlman pou akonpaye nou, men tou pou enstwi nou, pou nou ka gen lavi etènèl.
Lalwa moral yo egziste nan plizyè tradisyon : nan Islam gen lalwa Charia, nan Jidayis gen Talmid la, e nan Krisyanis la, nou pale de yon kè ki pi. Se la nou dwe rive. Paske chak fwa m repete pawòl sa yo, gen lè nou tande yo, men nou pa pratike yo. Se yon bagay ki atire atansyon m depi kèk tan. Nou deja kòmanse pran dispozisyon pou nou ekri sa n ap di yo, pou nou ka wè an pwofondè veritab mesaj Kris la bay limanite.
Limanite ap fè fas a yon gwo kriz. Lè m pale de limanite, mwen pale de tout moun an jeneral, de tout kwayans an jeneral. Paske Bondye ka chwazi yon sèl moun, yon sèl kote sou latè, pou l di : « Men sa k ap pase. » Li pa revele l bay tout moun ; li revele l bay yon moun, epi moun sa a di l.
Se egzakteman sa n ap eseye fè a : n ap eseye montre nou chemen nou dwe pran an. Nou dwe remèt tout tèt nou pou aksyon Sentespri a ka manifeste atravè nou, pou nou ka vrèman pratike vèti Kris vin mete nan nou yo.
Kris, modèl entegrite a
Kris se yon moun ki entèg. Kris te mache dwat. Kris pa t konn bay manti. Tout sa li te di, se verite li te di. E non sèlman li te di verite, men li te di nou : « An verite, an verite, m ap di nou sa. » Sa vle di li te ensiste sou pawòl sa a pou nou konnen ke, menm lè l ap pale ak moun ki bay manti, sa li menm li di a se verite, pou moun ka tande l.
Sa vle di li enpòtan pou nou onèt, pou nou sensè, paske ou ka pa al nan syèl. Syèl la depann de sali w ak desizyon w : non sèlman pou viv yon lavi entèg, men tou yon lavi aksyon de gras ak ofrann.
Ofrann Kayen ak Abèl
Mwen sonje yon mesaj mwen te pote samdi pase a ; se te yon jou aksyon de gras. Gen yon bagay ki te vin nan tèt mwen. Mwen di : « Gade, Kayen ak Abèl, tou de te ofri Bondye ofrann. Bondye te aksepte ofrann Abèl la, men li pa t aksepte pa Kayen an. Poukisa ? » Tou de te bay, men gen youn ki te bay ak tout kè l. Se sa ki te bay ak tout kè l la Bondye te aksepte.
Se pou sa Bib la di nou Bondye gade kè a. Kèlkeswa atitid ou genyen, petèt devan legliz, kèlkeswa sa w ap montre moun, ou pa ka twonpe Bondye, paske sali a se yon bagay pèsonèl. Sali, gras, letènite, kwasans, nivo konsyans ou, elevasyon konsyans ou : tout se bagay pèsonèl. Se ou ki pou travay sou yo, e pou w travay sou yo, fòk ou remèt tèt ou nèt nan men Bondye.
Jezi di : « Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a ban nou repo. » Sa vle di nou dwe remèt lavi tanporèl nou te genyen an nèt nan men Kris, paske se li ki vin montre chemen an. Konsa, aksyon Sentespri a ka antre nan lavi w. Sentespri a toujou bò kote w, li la pou l tande w. Men toutotan ou pa remèt tèt ou pou w ka viv nouvo lavi sa a, nouvo relasyon sa a, l ap difisil pou w grandi vrèman e pou w viv vrèman ak entegrite.
Moman pou nou egzamine tèt nou
Si gen fay lakay nou, se moman pou nou rekonèt fay sa yo. Se moman pou nou antre andedan tèt nou, pou nou mande : « Èske vrèman mwen entèg nan sa m ap fè ? Èske vrèman m ap mache dwat ? Èske sa m di yo, se yo menm mwen pratike ? Èske m bay ofrann mwen jan m ta sipoze bay li ? Èske m bay ladim mwen jan m dwe bay li ? »
Sispann reflechi twòp, sispann fè detou ak tèt ou : « Bon, si m fè tèl bagay, Bondye ap fè tèl bagay. » Non, pa fè kalkil ak Senyè a. Sèl bagay ki enpòtan, se pou w entèg devan Senyè a. Paske li wè w. Li wè jan w panse, li wè tout teknik w ap fè, li wè konbyen tan ou pase san w pa patisipe nan lavi legliz la.
Paske travay legliz la, se travay Kris la ; Kris mande nou pou nou fè travay li. Lè nou fè travay Bondye, lè nou jwenn okazyon sa a pou nou nan travay Senyè a, se pa sèlman yon opòtinite : se yon opòtinite pou nou sezi pou nou ka vin pafè.
Se pou sa Bib la di nou dwe pafè nan relasyon nou ak Bondye : « Se pou nou pafè menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè. » Ou pa ka di ou pa ka pafè. Si w di ou pa ka pafè, se kòmsi ou fè Kris tounen yon mantè, se kòmsi ou fè Kris tounen yon moun ki pa entèg, jan m sot di w la. E se pa sa. Se yon lòd li ye. Se pou nou travay nan direksyon lòd sa a, pou nou ka vrèman fè Bondye plezi, menm jan Kris te fè Senyè a plezi, pou nou ka gen yon lavi ki vrèman transfòme.
Lè w ap mache ak Bondye, ou pa bezwen pè. « Kisa moun ka fè m ? » Sa vle di fòs la, limyè a, la nan ou. Ou gen tout bagay an plenitid nan li.
Bondye deja fè tout bagay pou nou
Lavi renouvle a, lavi transfòme a, dwe fè yon sèl ak lavi Kris la, pou relasyon nou ak Sentespri a pèmèt nou bati lavi espirityèl nou nan direksyon glorifikasyon nou tout dwe tann nan. Sa enpòtan, paske nou pa ka chita ap tann : « Lè m sove, Bondye pral fè sa ak sa pou mwen. » Non. Bondye deja fè tout bagay pou ou.
Li ba w Kris, li fè w pase nan nouvo nesans lan, li ba w Sentespri a. Konsa, jan Jan te di l la, ou gen tout bagay an plenitid nan li. Nou pa manke absoliman anyen. Alò, poukisa n ap plenyen ? Nou pa gen pou nou plenyen. Kounye a, se pou nou analize tèt nou.
Yon moun te di m : « Pastè, ou konn sa m wè ? Mwen kwè pwen ki pi fèb lakay kretyen yo, se nan relasyon yo ak bagay materyèl, lè yo dwe bay Bondye, pou ofrann yo ka vrèman aksepte tankou pa Abèl la. » Malerezman, se pa sa k ap fèt. Toujou gen detou, toujou gen agiman, toujou gen ezitasyon. Nou reflechi sou yon pakèt bagay : « Si m fè tèl bagay, si m fè tèl lòt bagay… » An prensip, depi gen yon « si », lènmi an la.
Lè w kite Lespri a genyen w, Sentespri a pran tout ou menm nèt, pou w ka vrèman transfòme. Lè w transfòme, ou vin vrèman yon pitit Bondye.
Kounye a, èske nou vle se pitit Bondye nou ye, oswa nou vle se pitit doub fas, oswa pitit dyab la ? Sa vle di, èske sa n ap di a se pa li nou fè, se pa li nou pratike ? Èske nou pa mache nan entegrite, jan Stephen L. Carter te di l la ? Frè sa a, se yon kretyen ekstraòdinè ki mennen yon lavi desan. Atravè mesaj li sou prensip entegrite a — mache dwat nan tout sa w ap fè pou w jwenn gras Bondye, pou w grandi nan konesans verite a — li te bay yon temwayaj ekstraòdinè. E atansyon : se te yon jèn moun ki t ap pale konsa. Yon liv ki gen plis pase twa san paj ; nonm sa a te vrèman puisan.
Renonse a tèt nou
Alò, èske nou vle rete ak menm tanperaman nou te genyen anvan an ? Èske n ap chita san nou pa fè anyen, epi n ap di : « Bondye konnen tout bagay », pandan nou konnen nan reyalite se nou menm k ap dirije tèt nou, e nou pa vrèman ap chèche Bondye ?
Se pou nou kòmanse bliye tèt nou. Jezi di nou dwe renonse a tèt nou : « Si yon moun vle swiv mwen, se pou l renonse a tèt li. » Ou dwe renonse a tèt ou. Tout sa ki t ap pouse w chèche pwòp byen pa w, tout bagay pou ou menm sèlman : detache w de bagay sa yo pou w okipe zafè Bondye, e pou w mache nan yon lavi nouvo, lavi Bondye vle a.
Natirèlman, Bondye p ap pran sa w genyen. Men li pa vle ou mare ak sa w genyen ; li vle ou mare ak li, e ou depann de travay Lespri a nan ou. Lè sa a, n ap wè transfòmasyon ki pral fèt nan lavi nou. Yon transfòmasyon reyèl : lè w ap chante, chante w ap gen pouvwa ; lè w ap bay temwayaj, temwayaj ou ap gen pouvwa. Paske se pa ou menm ki pote temwayaj la, se Lespri ki nan ou a ki pote l. Ere moun ki pral tande temwayaj sa a, ere moun ki pral tande pawòl ki soti nan Lespri a.
Tout bagay sa yo ap pèmèt ou grandi nan lafwa w, nan relasyon w ak Bondye, e viv vrèman renouvèlman an. W ap mache nan entegrite ak yon pouvwa ki vrèman transfòme, pou atravè travay Kris la, moun wè travay li, pa travay pa w ni pa lòt moun. Tout bagay, se li k ap fè yo.
Lè w di mòn sa a deplase, se Letènèl ki deplase l. Lè w di maladi a tonbe, l ap tonbe. Jan Pawòl la di, sa ki nan nou an pi gran pase sa ki nan lemonn ; sa vle di li anbrase tout ou menm, menm bagay ki pi lwen pase esperans ou. Paske Bondye se Bondye Omega a, Bondye ki san limit. Nan grandè san limit Bondye a, gen anpil bagay ou ka konprann, anpil bagay li ka revele w, bagay ou petèt pa konnen, bagay ou pa t janm panse.
Lafwa grandi, entegrite a dwe total
Eksperyans chak moun pa nesesèman yon eksperyans pou tout moun, paske chak moun ap mache dapre yon mezi lafwa. Men pèsonn pa dwe mache dapre yon mezi entegrite. Yon mezi lafwa vle di ou rele pou w grandi ; men entegrite a, li menm, dwe total.
Lè sa a, ou menm ak Senyè a fè yon sèl. Ou vin preyokipe pou zafè Bondye, pou kwasans lòt moun, pou senplisite aksyon w, pou imilite w. Konsa, nan sa w di ak sa w fè, moun jwenn gras ki an abondans nan ou a, gras ki ka debòde sou lòt moun k ap koute w tankou yon bagay ki atrapan.
Paske lè w ap mache dwat ak Bondye, gen moun k ap obsève w. Menm si moun nan pa konnen w, menm si l pa pale avè w, l ap gade w de lwen, l ap tande sa w ap di. E depi l tande w sèlman, sa ka transfòme l ; ou pa janm konnen.
Lè w rive yon kote, lè w ap pale ak plizyè moun, langaj ou genyen anndan legliz la dwe menm langaj ou genyen deyò a. Kèlkeswa moun w ap pale avè l, kèlkeswa sa w ap pale, se pou moun jwenn nan ou entegrite sa a, enpasyalite sa a, jistis sa a, lanmou sa a ki pèmèt nou rankontre youn ak lòt.
Men piga nou gen teknik nan tèt nou. Pwoblèm lan, se toujou gen teknik. Entegrite pa mache ak teknik ; pite kè pa mache ak teknik. Se total li ye. Fòk nou remèt tèt nou totalman bay Bondye, pou lè yon sè ap pale avè m, mwen wè se yon pwolongman Kris k ap pale avè m. Paske lè m wè w, se Kris k ap pale avè m. Poukisa ? Paske nan ou gen onètete, entegrite, lanmou, jistis. Tout bon bagay sa yo, se bote Bondye, se menm esans Bondye.
Egzanp Manmè Tereza
Se pou sa Manmè Tereza, ki te popilè pou zèv sosyal li toupatou nan lemonn, te di : « Lè m wè yon moun ki pòv, trè trè pòv sou latè, mwen wè imaj Kris atravè moun sa a. » Gen moun ki ta pase bò kote moun sa a san yo pa menm wè l, petèt paske l gen move odè akoz mizè a kraze l. Men li menm, li te al anbrase moun sa a, paske yon nanm gen anpil valè pou Bondye. Se sa li te konn fè, e li kite yon mesaj ekstraòdinè pou limanite nan sans sa a.
Kounye a, nou menm, menm si nou pa ka fè egzakteman sa Mèt Jezi te fè, nou dwe gen nati sa a, konpasyon sa a, lanmou sa a, gras sa a ki aprann nou renmen youn lòt. Nou dwe renmen lòt moun menm lè yo pa renmen nou. Si yon moun pa renmen m, se zafè pa l. Si yon lòt moun pa renmen m, sa pa fè anyen, paske moun sa a poko konnen Bondye, oswa petèt li poko rive nan matirite pou l konnen Bondye lanmou, jistis ak entegrite ki fòme nou an. Bondye sa a ban nou opòtinite pou nou anbrase lòt moun, pou lòt moun ka vin jwenn nou. Jezi te di : « Vin jwenn mwen, nou tout ki anba chay. » Ou menm tou, ou ka di menm bagay la.
Pwoblèm lanmou an ak inite a
Maten an, mwen t ap pale ak yon pastè ki rele m soti Ayiti. Li t ap pale m de sitiyasyon peyi a. Mwen di l : « Pwoblèm nou genyen an, se yon pwoblèm lanmou. » Paske moun ki vle travay pou pèp la pa janm vrèman travay ak pèp la. Se yo ki deside. Poukisa ? Paske yo egzèse yon lidèchip otokratik. Nou toujou pale nan non lòt moun pou amelyore sitiyasyon nou, men nou pa fè sa lòt moun yo vle. Poukisa ? Paske nou mete yo sou kote, e nou panse se nou menm sèl ki gen solisyon an.
Men Jezi vin montre nou nou bezwen mache ansanm. Jezi vin bati inite a : Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Se Bondye Triyen an nou jwenn nan Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Li montre nou ke tou twa, menm lè yo gen bagay diferan pou yo fè ak fonksyon diferan, yo mache nan menm direksyon an : direksyon Omega a, sa vle di direksyon lanmou, entegrite, jistis, tout sa ki pi, pou nou menm tou nou ka monte nan nouvo pite sa a atravè nouvo nesans Kris ban nou an.
Konklizyon
Alò, jodi a, pou m fini, nou p ap rete lwen. Sa vle di pitit Bondye. Pitit Bondye vle di : mache dwat. Pran konsyans de eta w, epi grandi. Menm si ou rekonèt feblès ou, korije feblès ou yo, e kite Sentespri a fè travay li nan ou. Si w kwè sa, w ap wè glwa Bondye manifeste nan lavi w.
E tout moun di : Amèn.
